#!trpst#trp-gettext data-trpgettextoriginal=1#!trpen#Skip to content#!trpst#/trp-gettext#!trpen#

MKBN

Alors qu'Haïti traverse actuellement une crise politique significative, cette musique revêt une profonde importance et vise à inspirer un changement positif et l'unité parmi les Haïtiens.

Jodi a nou la fò nou konprann poukisa
Ki erè n te fè ki koz n ap pase mizè
Gen twò lontan yap bann manti
Li lè pou nou leve kanpe
Pou n di yo Ayiti pa pou yo

Mwen swete n al chèche verite konn kiyès nou ye
Mwen swete n pran konsyans richès nou pou n pa gaspiye
Mwen swete ke nou pa pran kilti nou voye l jete
Pa tonbe nan tanpri souple
Fò nou pa mache tèt bese
An n ale

An n chante pou Ayiti cheri
An n priye pou li sispann soufri
An n chante pou la “Perle des Antilles”
Peyi m s’on paradi

Peyi m s on mèvèy
Kap fleri anba solèy
Nou make listwa Se nou pi premye pèp nwa
Chèche konnen kote n soti lè sa n a konnen kote n prale
Sepandan atansyon tantasyon ka fè tèt nou vire
Mwen swete n pa kite politik fè nou divize
Mwen swete n pran konsyans ke n’ se on pèp ki sivilize
Mwen swete n pa kite letranje vinn kolonize n
Ayiti se pou nou li ye
Se eritaj zansèt nou kite
Fò n sonje

An n chante pou Ayiti cheri
An n priye pou li sispann soufri
An n chante pou la “Perle des Antilles”
Peyi m s on paradi
An n chante pou Ayiti cheri
An n priye pou li sispann soufri
An n chante pou la “Perle des Antilles”
Peyi m s on paradi

Peyi m s on paradi
English